Sitwayènte: yon mo feminen ak dwa fanm migran refijye ak moun ki gen viza imanitè ak moun san nasyonalite
Carregando...
Data
2024
Autores
Honório, Karen dos Santos
Usaquin, Angélica Moreno
Marques, Beatriz Rocha
Senatus, Djenika
Bruzinga, Marcelo Patrocínio
Peña, Paola Andrea Ramirez
Título da Revista
ISSN da Revista
Título de Volume
Editor
Resumo
Sitwayènte se yon mo fanmenen nan lang Panyòl ki pale de patisipasyon plen nan lavi politik, sosyal ak ekonomik yon peyi. Li enplike fè egzèsis dwa tankou aksè nan edikasyon, sante, pwogram sosyal ak jistis. Chak jou, gen fanm ki soti nan anpil kote nan mond lan ki rive nan Brezil pou rekòmanse lavi yo ansanm ak fanmi yo. Lè yo rive, yo jwenn anpil defi, soti nan aprann yon nouvo lang jiska adapte yo ak koutim ki diferan de sa yo te konn fè. Liv sa a te fèt ak lide pou ede fanm1 migran, refijye, moun ki gen viza imanitè, ak moun san nasyonalite ak enfòmasyon debaz sou kijan pou yo ka gen aksè ak dwa yo nan Brezil. Nou raple ke chak moun migran, kèlkeswa sitiyasyon migratwa li, dokiman li oswa nasyonalite li, gen dwa ki garanti pou li. Liv sa a te prepare anba pwojè ekstansyon “Cidadania: substantivo feminino e de direitos de mulheres migrantes, refugiadas, portadoras de visto humanitário e apátridas” ki te devlope nan Cátedra Sérgio Vieira de Mello (CSVM-UNILA) nan Universidade Federal da Integração Latino-Americana (UNILA) avèk sipò Pró-Reitoria de Relações Internacionais (PROINT/UNILA), Secretaria de Ações Afirmativas e Equidade (SECAFE/UNILA), ak Ministè Dwa Moun ak Sitwayènte. Nan paj sa yo, w ap jwenn enfòmasyon sou asistans sosyal, edikasyon, travay, sante, ak fason pou konbat vyolans kont fanm nan Brezil, ansanm ak lwa ki pwoteje w ak dwa w genyen nan chak nan domèn sa yo. Lwa Migrasyon n. 13.445/2017 ki pale sou dwa ak devwa migran yo nan Brezil, garanti ke tout moun migran gen dwa imen nan peyi a san kondisyon. Lwa n. 9.474/19973 pale sou refijye e li garanti aksè a dwa ak garanti fondamantal. Sa pti liv in ganny fer avek lanmour pour ou. Sa lekip ki’n prepar li i enkli bann serser imigran ki’n osi fer fas e pe kontinyen fer fas avek tou bann defi pour al dan en lot pei e batir en nouvo lavi. atraver sa pti liv, ou pou ganny gide par nou bann personaz (ki osi bann madanm migran) anmezir ki zot partaz zot leksperyans toulezour an Brezil e zot lavi. nou espere ki sa pti liv i kapab ed ou ganny akse avek drwa fondamantal, sitwayennte ek garanti, E sonje, ou pa poukont ou!
Abstract
Descrição
Palavras-chave
mulheres - migrantes, cidadania, refugiadas - Brasil, direitos humanos - Brasil